DYALÒG

DYALÒG

Pale ak patnèw enpòtan anpil pou kenbe yon relasyon.Men sa ka rive gen anpil moun ki pa konprann kisa ki dyalòg


KISA DYALÒG LA YE

Dyalòg la se pa sèlman lè wap pale paske ou dwe koute tou sa moun nan ap di pouw konprann sal di a epi fèl konprann ou tou.pouw rann patnèw la alèz nan dyalòg ou avè fòk ou montrel enterèw na li,montrel kijanw renmenl.Men a bliye gen yon sekrè nan dyalòg la siw pa konnenl ou nan erè ,kisekrèl ye sekrè a se lè wap pale ou dwe saj,pale ak yon ton ki dous yon ki agreab pou patnèw la anvi koutew.depi ou tive pale konsa dyalòg ou ap byen pase.


ENPÒTANS DYALÒG LA

Dyaloge ak patnèw se yon fason pouw montre santiman ou gen pou li,pataje sak fèw byen sak fèw mal,pataje ide epi ranfòse relasyon an pi plis.Dyalòg pèmèt ou evite twòp pwoblèm epi rezoud pwoblèm tou men dyalòg la pa sèlman sa ,li rann ou konnen patnèw la pi plis,pale de yon bèl moman nou te pase (swa premye fwa nou te kwaze ,yon ti beny lanmè,yon sware,yon pwomnad )yon bon moman kèlkonk.Kidonk sa ki pi enpòtan se pale de sijè paske sijè a pap pale pou ou.Pale de travay ,pitit, kay,machin pa al gade sou sijè a men se dyalòg la ki enpòtan sa vin rann ou menm ak patnèw toujou konekte.


KÈK PRENSIP POU YON BON DYALÒG

Pou gen yon bon dyalòg gen kèk prensip tou nou dwe aplike.
Pouw dyaloge ou dwe:
_Chwazi bon moman
_Dirèk nan sa wap di a
_Pa bay manti
_Pale ak yo ton ki akseptab
_Respekte sa moun ki anfas ou a ap di.


DIFIKILTE

Dèfwa tou konn gen difikilte pou gen yon bon dyalòg paske nan yon relasyon ou ka jwen de moun diferan swa fi a ou byen gason an otonòm ou byen pi angran,sa se yon difikilte ki pral fè gen ti pwoblèm nan yon dyalòg paske sak otonòm nan ap toujou renmen pase lòd,korije,pale lèd,abesew devan nenpòt moun.kidonk lòt la pral mal poul eksprimel sa ap fèl pa santil byen.Gen yon lòt aspè kote pi souvan ou jwenn gason yo pavle pale yo toujou rete an silans san degaje santimanl,tout pale se bonjou,kijanw ye ayen santimantal.Ou ka jwenn plizyè gason konsa men ki diferan
Genyen se palel pavle pale de relasyon an,genyen tou ki konn twò otonòm sal di se sa .

Aucun commentaire:

Publier un commentaire