Evolisyon seksyalite


Evolisyon seksyalite Kay moun

depi ti bebe a fèk fèt seksyalite li manifeste.Noun pral fè yon ti pale sou Jan seksyalite yo avanse selon laj yo.Men li ka varye selon timoun nan

soti 0 pou rive 3 lane


soti 0 rive 2 zan ou ka wè nan laj sa timoun nan ap aprann konn kò li pran sant epi manyen pati nan kò li San konnen kisa yo ye ti gason an pral mayen epi jwe ak patil , ti fi a pral manyen pati pal tou . sou 7 mwa ti gason yo ap kòmanse bande , pa ti fi yo ap mouye men sa ap parent mwens.pou yo domi yap fwote pati yo pou yo ka rilakse yo. 2 zan rive 3 zan le sa yo pral konprann fi ak gason pa fèt menm jan .yo  pral bezwen konnen sak fè fi ak gason pa fèt menm jan.
se depi laj sa seksyalite kòmanse grandi .Li pral enpòtan pou paran yo fè timoun yo aprann kwoke, fè karès pou manifeste afeksyonl.les sa tou poul jwe ak timoun laj li . apre tout enfòmasyon konsa paran yo bay timoun yo ap gen plis posibilite poul epanouyi nan lavi seksyèl li lèl vin gran.

3 a 5 lane

kounya timoun nan konn kò li

Ant 9 a 15 lane

Rive  9 lane timoun nan pral we komanse gen anpil chanjman nan l. le sa li vin sispan n timoun la rantre nan tranzisyon poul vin adolesan, peryòd sa rele pibète.
kò yon moun gen chanjman depil fèt pou jistanl mouri.
Peryòd pibète a komanse nan 9 a 11 lane pou ti fi nan 12 a 15 lane pou ti gason

Aucun commentaire:

Publier un commentaire